Onè ak respè

"
n

Post category

l

Comment count

Publish date

01/25/2023

Post author

admin

Lè ou gen yon pwoblèm ak yon paran w, nan kilti pa nou yo toujou di se paran w ki gen rezon. Epi yo di ke yon timoun pa ta janm dwe leve tèt gade paran sa. Nan pa leve tèt gade yo konsa, ou jwen anpil paran ki abize timoun yo tou, yo pran pouvwa sou yo tankou yo gen pouvwa lanmò ak lavi sou yo. Paran yo toujou itilize bib lan mal; yo di w timoun dwe obeyi paran yo, men nan menm bib sa, pawòl la di, granmoun pa anmède timoun yo tou. Nou menm paran kisa nou fè. Nou mache ofanse timoun yo epi nou ap mande respè. Mwen sa mwen konnen, respè a se tout moun ki pou bay li, timoun, granmoun, yonn ak lot ki pou bay li. Anpil fwa timoun yo ap mache mande padon, menm si yo pa fè anyen; paske pawol la di se timoun ki mache sou granmoun, anpil granmoun la pou yo modi yo, paske yo pa gen kè pou yo padone. Lè timoun sa deside pa nan pale ak jan de granmoun sa yo,  moun ap di kote yo konn wè bagay sa. Men mezanmi chèche konnen toufon pwoblèm yo pou nou konprann avan nou pale nan zafè moun. Timoun gen dwa, granmoun gen dwa. Lè nou ap fè releksyon se de bon ki fè bonbon. Paran respekte timoun yo e ti moun yo ap ba nou respè!

Gen anpil paran ki pa konn sak rele padon ak respè, se timoun yo ki ap aprann yo l. Podjab yo.  

Cameléon